Liberty Nation
Nou se yon pèp ki fyè… Nou soti nan dife, nou grandi ak kouraj… Yo tap eseye kraze nou… Men nou te kanpe… Nou goumen… Epi nou bay tèt nou libète Couplet 1 Nou sòti nan yon tè kote mapou pa janm tonbe Kote lespri libète toujou ap rele nan nou Yo te eseye mete chenn nou nan pye nou, panse yo te ka fè nou fè silans Men nou leve soti nan sann, nou leve kanpe fè yo sezi Depi nan mònn rive nan lari, ou ka santi l anndann nou pa nan rans Chak batman kè tankou tanbou, kap,bat, plen fyète tout tan Nou pa t kouri lè presyon te vini nou te kanpe fè fas! Nou kanpe dwat, nou pa p janm bese devan okenn wa Pré-Refrain Nou sonje batay la, doulè ak soufrans yo Nan fènwa nou te pote limyè ak lespwa Pa t gen laperèz nan je nou, pa t gen chenn nan nanm nou Nou fèt pou nou lib, se istwa nou, nou ekri e nap kontinye ekri. Refrain Haitian Liberty Nation 🇭🇹🔥 Nou leve ak fòs, nou ini nan fòs Haitian Liberty Nation Batay pou libète nou konn chak pyon poun poze Haitian Liberty Nation 🇭🇹🔥 Soti nan pase rive nan prezan nou pran plas nou Haitian Liberty Nation Fyète nou pap janm efase Couplet 2 Nou pa t janm pè leve kanpe pou goumen Menm devan tanpèt, nou te mache nan fènwa Ak espwa nan kè nou, dife nan lestomak nou Nou te defye mond lan, nou pa t janm lage nou pa nan rans mdi w Istwa nou ekri ak kouraj nan doulè, nou gen po an fè Nan san ak dlo nan je, nou manje tout chenn Kounye a mond lan tande vwa nou Yon pèp ki solid, kanpe ansanm pou tout tan Bridge (emosyon / build) Kèlkeswa batay la, nou pote flanm nan Kèlkeswa difikilte, sonje non nou Soti nan fòs zansèt yo rive jèn jodi a Ayiti ap leve, nou pap janm disparèt Refrain (final – stadion vibe) Haitian Liberty Nation 🇭🇹🔥 Nou leve ak fòs, nou ini nan fòs Haitian Liberty Nation Batay pou libète nou konn chak pyon poun poze Haitian Liberty Nation 🇭🇹🔥 Soti nan pase rive nan prezan nou pran plas nou Haitian Liberty Nation Fyète nou pap janm efase
Download
0 formatsNo download links available.